jeudi 19 janvier 2012

Objektif FACSDIS

  

FACSDIS: fanm ann Aksyon Kont Stigmatizasyon e Diskriminasyon Seksyel
1. PREZANTASYON
-FACSDIS se yon asosiyasyon ki la pou ede fanm oprime yo, fanm ki majinalize yo tankou; lesbienne yo, travaye seksyel yo, pou move tretman yap sibi nan lavi yo chak jou, tankou kadejak ak vyolans seksyel kap fet sou yo nan lari a.

Nan fen lane 2009, yon gwoup fanm mete tet yo ansanm pou yo fonde asosiyasyon sa a; ki la pou ankadre yo sipote yo paske yo se fanm tankou tout fanm. Se pa paske ou se yon traye seksyel oubyen lesbienne ki fe ou pa gen dwa pa w nan sosyete a, tout fanm se fanm e tout fanm gen menm dwa. Ou gen dwa pou fe chwa seksyel ou ak respe san deranje yon lot, < nou pa la poun jijew men pou nou ankadrew, sipotew> ak sipo fondasyon SEROvie  nou fe depistaj pou yo, nou ba yo kapot, nou fe prevansyon , pledwaye. A lavni nou konte mete fomasyon pwofesyonel pou yo , pou yo vin otonom.
2. OBJEKTIF
-FACSDIS fonde espesyalman nan objektif pou kombat vyolans seksyel ak stigmatizasyon kap fet sou fanm maginalize sa yo nan lari a; -FACSDIS ba yo bon jan sipo, dapre yon anket nou te Mennen gen anpil se bezwen , nesesite ki mete yo nan pozisyon yo ye a ; pitit, kay, lekol pou peye ,sitou nap viv nan yon peyi kote dwa fanm pa respekte.

Tout moun gen dwa fe chwa seksyel yo lib san jwenn diskriminasyon, ni stigmatizasyon ,-FACSDIS mete dives aktivite sou pye deja , rankont chak vendredi, pou yo pale, eksplike bezwen yo, nou fe fomasyon sou maladi seksyel yo, sansibilizasyon e gen yon sibe kafe pou yo fe rechech, pwojeksyon fim sou dwa fanm yo, nou fe semine sou kolera, fomasyon sou santé _ repwodiksyon _ planning familial.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire